thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BAY TOUT BAGAY POU RESEVWA TOUT BAGAY

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Ansyete ap fè plizyè moun bat kò yo sou anpil bagay. Se sa ki fè yo pèdi reyalizasyon pwomès Bondye nan lavi yo. Men lè nou aprann mete pawòl sa a an aplikasyon nou ka viv ak kè poze. Annou medite sou sa…

« Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l’a ede ou. L’a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l’a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi. Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l’ gen pou l’ fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo. »

Sòm 37:5-7

 « Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo k’ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo? Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, kapab mete kèk lanne an plis sou lavi l’? »

Matye 6:25-27

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo