thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

VE SE YON BAGAY SAKRE FÈT AVÈK BONDYE - TRE WO A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Lè yon moun fè yon ve devan Senyè a, se pa yon ti pwomès kòm si m te di l, m va fè yon bagay, apre si m kapab, m’ap fè li, si m pa kapab, m pap fè li. Se pa konsa. Pito ou pa di anyen, paske nou pa ka pase Bondye nan betiz. Ou mèt mande li sa ou vle ke li va fè yo, SI, nan lòt bò a, ou fè sa ou te di li ou tapral fè a. Bondye pap janm bliye yon ve, sa vle di, lè nou angaje pawòl nou.

Lè ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l’. Pito ou pa janm pwomèt Bondye w’ap fè kichòy pou li pase pou ou pwomèt, epi pou ou pa kenbe pwomès ou. Eklezyas 5:4-5

Menm si ou pa gen anyen materyèl pou ofri bay Senyè a, dèske ou angaje pawòl ou ki se yon bagay ki koute chè, li gen anpil valè devan Bondye, Li va ba ou kondisyon pou ou resevwa nan men li kou sa ou mande li ak kondisyon pou ou fè sa ou angaje a. Se pou rezon sa, se pou ou yon moun ki kenbe pawòl devan Bondye e devan lezòm afenke yo ka fè ou konfyans nan tout bagay.

Ann pale plis sou sa nan videyo a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo