thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

POUKISA BONDYE CHWAZI JAKÒB?

Ann fè lekti sa a...

Imagem de capa - POUKISA BONDYE CHWAZI JAKÒB?

Poukisa Bondye te chwazi Jakòb? Paske li pat gen okenn dwa. Li te dezyèm pitit Izrak la malgre li te gen yon fre marasa. Lè sa a, chak fwa yo konn pale de premye, moun yo deja gen nan tèt ke moun sa gen dwa pou resevwa paske li premye a.

Sa se yon bagay sitèlman fò nan tèt moun ke, malgre Bondye te pale avèk Rebeka li tapral fè dezyèm pitit la pi gran pase premye a, Izarak te eseye beni premye pitit li a, paske li te panse ke sa te yon bagay dwat pou li fè. Sepandan, si Bondye te beni premye a, kisa ki tapral rive nou nan jounen jodia?

An jeneral, nou te denye nan fanmi an oswa nan sosyete a, nan sans yo kwè ke nou tapral fè siksè nan lavi a. Gen kèk nan nou, nou te moun pwoblematik ak meprize pou sosyete a, moun yo te pran pou anyen, sa vle di, si nou ta espere moman pa nou an, nou tap espere tout lavi nou epi pap resevwa anyen, paske yo te ka pran moun yo konsidere avèk plis kondisyon pase nou te genyen.

Se konsa ke anpil moun rive nan legliz. Yo pa premye kòm si m te ka di ou, moun yo te mete wo nan sosyete a, sa vle di, yo pat rive nan legliz avèk yon lavi alèz. An jeneral, yo se moun ki meprize pami sosyete a. Sepandan, Bondye te chwazi Jakòb afenke li te ka kite klè ke Bondye enterese nan moun ke piyès moun pa vle, sa vle di, moun ki pa gen okenn espwa nan men lezòm. Se konsa yo ap glorifye Bondye ak bay kredi li merite a, paske tout bagay soti nan men li e pa nan kapasite lezòm.

Ann gade sa ki ekri nan pawòl Bondye a:

Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l’ fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l’ fè grannèg yo wont. Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn. Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye. 1 Korent 1:27-29