LAVIL LEVIT YO
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Si moun ki touye lòt la ta rive soti andeyò limit lavil kote li kache a, si moun ki fanmi pi pre moun li touye a bare avè l’, epi li touye l’, yo pa gen dwa fè fanmi pre a peye pou sa l’ fè a.
Nonb 35:26-27
Lè Bondye te pale avèk Moyiz nan chapit 35 nan liv Nonb lan, Li te bay lòd pou yo bay moun levit yo « lavil kote moun asasen yo te ka kache« , sa yo te vil kote moun ki san entansyon blese yon lòt moun epi yo te mouri, nan lavil sa yo, yo ta ka espere yon jijman nan yon fason dwat afenke fanmi oswa zanmi pi pre moun li touye a pat ka « pran revanj », kidonk yo te ka resevwa sa yo merite atravè lajistis.
Lavil sa yo te kare kare, e mwen te fè yon ti imajinasyon kòm si mwen menm te nan plas moun ki tonbe nan sitiyasyon sa kote yo te konsidere asasen…
Nan yon jou, nou te rive nan Legliz Universal tankou yon « asasen » akòz lenjistis peche nou yo. Lè sa a, Dyab la se moun ki pran revanj epi li vle nanm nou kout ke kout. Sepandan, Granprèt la, moun ki pran swen lavil sa kote moun peche yo te ka kache a, Senyè Jezi a te rachte nou e peye yon gwo pri ke nou pap janm ka peye pou tout tan.
Nan jounen jodi a, Sentespri a se moun ki gide nou pou nou pa rive soti andeyò limit lavil sa a, se li menm ki ban nou pwoteksyon.
Pa genyen benediksyon pi gwo pase viv andan limit lavil sa a ki se wayòm Bondye a, bò isi sou latè ki se legliz Senyè a, anplis de sa, nou ka sèvi li nan travay li, sa vle di, lavil kote nou ka kache a.
Yo toujou konsidere nou tankou « asasen » , paske se egzakteman peche nou ki sou nou yo ki te fè Senyè Jezi a te mouri sou kwa a… si m te soti anba refij sa a, sa se kòm si m te « krisifye Senyè Jezi a ankò ». Sa vle di mwen ta fè sa ak moun mwen gen yon gwo dèt avè l kote m pap janm ka peye ni nan lavi sa a, ni nan lavi etenèl la!
Mwen sèlman kapab jwenn pwoteksyon tandiske m viv andan limit pwòp Bondye te bay la: Disiplin lan, krentif ak premye lanmou. Deyò limit sa yo, m ap pran pozisyon moun « asasen » epi moun ki konn pran revanj, Dyab ak demon li yo ap fè sa yo konn fè depi yo tonbe desann nan syèl la: touye, vòlè ak detwi limanite a nèt.
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris